Apre sa, Jezi te chita anfas bwat kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa. Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”
Li Mak 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 12:41-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo