Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la. Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.” Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!” Jezi kanpe epi li di: “Rele l.” Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.” Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a. Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.” Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.” Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.
Li Mak 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 10:46-52
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo