Mak 1:14-28

Mak 1:14-28 VKF

Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.” Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi. Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi. Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo. Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!” Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a. Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.

Li Mak 1

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an