Mat 6:1-24

Mat 6:1-24 VKF

Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè. Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se kon sa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men lè w ap bay pòv yon bagay, pa kite men gòch ou konnen sa men dwat ou ap fè. Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a. Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou. Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. Men kijan ou dwe priye: Papa nou ki nan syèl la, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen. Vin tabli wayòm ou an. Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la. Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou. Padone peche nou yo menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal. Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an. Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis. Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou. Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou. Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l. Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan.

Li Mat 6