Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l. Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l. Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.
Li Mat 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 27:27-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo