Mat 26:57-68

Mat 26:57-68 VKF

Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, epi yo di: “Misye te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.” Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi. Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?” Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. E nou menm, sa nou di?” Yo reponn li: “Li merite lanmò.” Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?”

Li Mat 26