Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l. Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m. Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w? Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.
Li Mat 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 25:40-45
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo