Mat 24:36-51

Mat 24:36-51 VKF

Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale. Se kon sa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse. Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen. Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.

Li Mat 24

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mat 24:36-51