Mat 21:33-44

Mat 21:33-44 VKF

“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li. Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan. Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, kon sa eritaj la ap rete pou nou. Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l. Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?” Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.” Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa! Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”

Li Mat 21