Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la. Apre yo fin pale, Ewòd voye maj yo ale Bètleyèm. Epi li di yo: “Al pran bon jan enfòmasyon sou ti pitit la, lè nou jwenn li n a fè m konnen, paske mwen menm tou m ta vle adore l.” Lè maj yo fin tande sa Ewòd di a, y al fè wout yo. Apre sa, zetwal yo te wè lè yo te an Oryan an reparèt, li kondui yo jouktan l rive sou kote pitit la te ye a. Se pa ti kontan yo te kontan lè yo te wè zetwal la parèt. Maj yo antre anndan kay la, yo wè pitit la ak manman li, Mari. Yo mete ajenou epi yo adore li. Apre sa, yo louvri valiz yo epi yo fè pitit la kado: lò, lansan, ak lami. Men, kòm Bondye te avèti maj yo nan yon rèv pou yo pa retounen bò kote Ewòd ankò, yo pran yon lòt chemen pou retounen nan peyi yo.
Li Mat 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 2:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo