Yo te poze kesyon sa a: “Kote pitit ki dwe vin wa Juif yo? Paske, nou te wè zetwal li nan syèl la, konsa, nou vini pou adore l.” Pawòl sa a te lage gwo latwoublay nan tèt wa Ewòd ak nan tèt tout moun nan vil Jerizalèm. Konsa, li rasanble tout chèf sakrifikatè yo ak tout pwofesè nan lalwa Moyiz la, epi li mande yo ki kote Mesi a gen pou fèt. Yo reponn li: “Nan Bètleyèm, nan rejyon Jide, dapre sa pwofèt la te ekri a: Ou menm Bètleyèm, ki nan teritwa Jida. Se sèten ou konte pami gwo vil Jida yo. Paske gen yon gwo chèf k ap soti lakay ou. L ap tankou yon bèje nan tèt Izrayèl, pèp mwen an.” Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la. Apre yo fin pale, Ewòd voye maj yo ale Bètleyèm. Epi li di yo: “Al pran bon jan enfòmasyon sou ti pitit la, lè nou jwenn li n a fè m konnen, paske mwen menm tou m ta vle adore l.” Lè maj yo fin tande sa Ewòd di a, y al fè wout yo. Apre sa, zetwal yo te wè lè yo te an Oryan an reparèt, li kondui yo jouktan l rive sou kote pitit la te ye a. Se pa ti kontan yo te kontan lè yo te wè zetwal la parèt. Maj yo antre anndan kay la, yo wè pitit la ak manman li, Mari. Yo mete ajenou epi yo adore li. Apre sa, yo louvri valiz yo epi yo fè pitit la kado: lò, lansan, ak lami.
Li Mat 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 2:2-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo