Mat 17:9-20

Mat 17:9-20 VKF

Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.” Apre sa, disip ki te avèk Jezi yo mande l: “Poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan?” Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan, pou li mete tout bagay nan plas yo! Men m pa kache pale nou, Eli vini deja. Men, poutèt yo pa t rekonèt ki lès li ye, yo te fè sa yo te vle avèk li. Pitit Lòm nan gen pou sibi menm trètman an tou.” Lè sa a, disip yo vin konprann li t ap pale yo sou Janbatis. Jezi ak disip li yo retounen vin jwenn foul la. Gen yon mesye ki mache kontre Jezi, li met ajenou nan pye l. Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo. Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.” Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.” Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri. Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?” Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”

Li Mat 17