Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè. Epi, men Moyiz ak Eli vin parèt devan disip yo, epi yo t ap pale avèk Jezi. Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!” Lè disip yo tande vwa a, yo te tèlman pè yo tonbe fas atè. Jezi pwoche bò kote yo, li touche yo epi li di: “Leve, nou pa bezwen pè!” Lè yo leve tèt yo, sèl moun yo wè devan yo se Jezi. Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”
Li Mat 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 17:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo