Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.” Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou.
Li Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo