Lik 4:1-14

Lik 4:1-14 VKF

Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fin i, li te vin grangou anpil. Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.” Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.” Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.” Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske men sa ki ekri nan Bib la: L ap bay zanj li yo yo lòd pou yo veye sou ou. Nan men yo, pye w p ap frape nan wòch.” Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.” Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò. Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li.

Li Lik 4

Video for Lik 4:1-14