Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.” Jan te di anpil lòt bagay kon sa toujou pou l ankouraje pèp la viv lavi yo yon lòt jan. Li t ap preche pèp la bòn nouvèl levanjil la.
Li Lik 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 3:16-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo