Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye, Pons Pilat te gouvènè nan Jide; Ewòd t ap dirije rejyon Galile; Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit; Lizanyas t ap dirije Abilèn; epi Àn ak Kayif te souveren sakrifikatè. Se nan menm epòk sa a, Jan, pitit Zakari a te resevwa mesaj nan men Bondye, pandan l t ap viv nan dezè a. Konsa, li te ale nan tout rejyon an toudebò larivyè Jouden an ap preche. Li t ap di moun yo “Vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a: “Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a: Prepare chemen pou Senyè a. Fè wout yo byen dwat devan l. Tout vale yo gen pou konble, tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat. Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat, epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa. Tout moun gen pou yo wè jan Bondye ap delivre nou!”
Li Lik 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo