Lik 24:13-27

Lik 24:13-27 VKF

Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt kon sa de vil Jerizalèm. De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou kon sa a pandan n ap mache a?” Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?” Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase. Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.” Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou kon sa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.

Li Lik 24

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 24:13-27