Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.” Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis, dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou. Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije.
Li Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:22-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo