Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.” Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a. Lè bèje yo te wè ti bebe a, yo te rakonte sa anj lan te di yo de li a. Tout moun ki t ap koute yo te sezi tande sa bèje yo te di yo. Mari menm te kenbe bagay sa yo nan tèt li. Li pa t sispann reflechi sou yo.
Li Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:15-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo