Lik 19:28-44

Lik 19:28-44 VKF

Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.” Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?” De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la. Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. Yo t ap di: “Benediksyon pou wa a ki vini nan non Senyè a. Kè poze nan syèl la! Lwanj pou Bondye!” Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.” Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.” Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la. Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”

Li Lik 19

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an