Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou. Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.” Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.” Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.”
Li Lik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 17:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo