Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje. M ap tounen lakay papa m. M pral di l: Papa, mwen peche kont Bondye epi mwen peche kont ou. Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou ankò. Gade m tankou youn nan sèvitè w yo. Apre sa, li leve li tounen lakay papa l. Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li.
Li Lik 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 15:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo