Etan yo t ap vwayaje, Jezi ak disip li yo antre nan yon ti bouk epi yon fi nan bouk la yo te rele Mata te resevwa yo lakay li. Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo. Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.” Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay. Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”
Li Lik 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 10:38-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo