Lik 10:1-24

Lik 10:1-24 VKF

Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la. Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay. Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou! Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou. M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa pase pou moun Sodòm. Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.” Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.” Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. Piga nou fè twòp chèlbè poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.” Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.” Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a. Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a. Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”

Li Lik 10