Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?” Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.” Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè. Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?” Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.” Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.” Yo mande li: “Kòman ou fè wè?” Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.”
Li Jan 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 9:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo