Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo. Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun. Yo di Jezi konsa: “Mèt, nou kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Lalwa Moyiz la mande pou nou touye yon moun kon sa ak kout wòch, epi ou menm, kisa ou di?” Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li. Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.” Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a. Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la. Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?” Madam nan reponn: “Non Senyè!” Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”
Li Jan 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 8:2-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo