Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan. Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: JEZI, MOUN NAZARèT, WA JWIF YO. Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.
Li Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo