Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov sou li. Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou. Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!” Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.
Li Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo