Jan 16:1-15

Jan 16:1-15 VKF

Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa. Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye. Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m. Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa. Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou. Men kounye a, m ap retounen kote moun ki te voye m nan, pa gen youn nan nou ki mande m kote w prale? Epi poutèt mwen di nou sa, se pa ti tris nou tris. Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou. Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye. Konsolatè ap montre yo peche yo se moun ki pa kwè nan mwen. L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò. L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane. Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.

Li Jan 16