“Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. Epi, nou konnen chemen kote m prale a.” Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?” Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”
Li Jan 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 14:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo