Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?” Yo di l: “Senyè vin wè.” Jezi te pran kriye. Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!” Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?” Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. Jezi di: “Retire wòch la!” Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.” Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?” Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale kon sa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou. Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”
Li Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:33-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo