Jan 10:7-18

Jan 10:7-18 VKF

Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine. Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo. Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje. Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

Li Jan 10

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 10:7-18