Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun. Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la. Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li. Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye. Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li. Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a. Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.” Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt. Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris. Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.
Li Jan 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 1:9-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo