Jan 1:19-34

Jan 1:19-34 VKF

Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.” Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?” Li reponn: “Non, mwen pa Eli.” Yo mande l: “Èske ou se pwofèt la?” Li reponn: “Non.” Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?” Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo: Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di: “prepare chemen Senyè a byen dwat.” Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?” Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.” Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo. Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.” Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”

Li Jan 1

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an