Anvan tout bagay te kòmanse, Pawòl la te la. Li te avèk Bondye epi Pawòl la se te Bondye menm. Li te avèk Bondye nan kòmansman. Se ak li menm tout bagay te kreye; pa te gen anyen ki te kreye san li. Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè. Limyè a klere nan fènwa, men fòs fènwa pa kapab gen viktwa sou li. Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun. Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la. Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li. Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye. Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li. Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a.
Li Jan 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 1:1-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo