Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou. Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye. Epi, li enpòtan pou nou konnen Bondye te fè yon sèman lè li te chwazi Jezi kòm granprèt. Pa t konn gen sèman pou etabli lòt prèt nan gwoup fanmi Levi yo. Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di: “SENYÈ a fè sèman eli p ap tounen sou pawòl li: Ou se prèt pou toujou.” Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès. Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt. Men, Jezi vivan pou letènite. Misyon l kòm prèt p ap janm fin i. Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.
Li Ebre 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 7:18-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo