Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a. Men sa ki ekri nan Bib la: “Poukisa moun enpòtan pou ou konsa? Pou kisa ou panse ak moun menm? Poukisa ou pran swen pitit lòm nan? Poukisa li enpòtan pou ou konsa? Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan. Ou kouwòne l avèk glwa ak onè. Ou mete tout bagay anba kontwòl li.” Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.
Li Ebre 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 2:5-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo