Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay nan li. Konsa, li ka sove anpil moun. Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. Li di: “Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo. M ap chante louwanj ou devan tout moun.” Li di ankò: “M ap mete konfyans mwen nan Bondye.” Epi li di: “Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.” Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini.
Li Ebre 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 2:10-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo