Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit. Abraram te tèlman granmoun lanmò te gentan make l. Poutan, pitit granmoun sa a ta pral tèlman fè pitit, pitit sa yo te vin anpil tankou zetwal yo ki nan syèl la, ak tankou grenn sab bò lanmè. Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè. Lè moun rekonèt yon bagay konsa, yo montre y ap tann yon peyi ki va rele yo chèmèt chèmètrès. Si yo te regrèt peyi yo te kite a, yo te ka fè lide tounen dèyè. Men yo te gen lespri yo konsantre sou yon pi bon peyi, yon peyi nan syèl la. Se sa ki fè Bondye pa wont lè yo rele l Bondye yo. E li prepare yon vil pou yo.
Li Ebre 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 11:11-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo