Ebre 10:1-25

Ebre 10:1-25 VKF

Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo. Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann, men, ou te prepare yon kò pou mwen. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo. Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo. Epi mwen di: men mwen Bondye mwen vini pou m fè tout sa ou vle selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.” Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen. Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li. Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis. Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di: “SENYÈ a di se pwomès sa a m ap fè avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo. M ap mete prensip mwen yo nan kè yo. M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.” Apre sa, li di: “M ap pase yon trè sou peche yo. M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.” Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche. Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li. An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.