Apre tout bagay sa yo fin pase, wa Asyeris te onore Aman ki se pitit Amedata. Amedata sa te soti nan ras Agag. Wa a te plase l nan plas ki pi wo pami tout lòt ofisye l yo. Wa a te pase lòd pou tout ofisyèl k ap sèvi nan palè a mete ajenou epi koube tèt byen ba devan Aman pou onore l. Men, Madoche te refize mete ajenou devan Aman pou onore l. Responsab ofisyèl yo ki t ap sèvi nan palè a poze Madoche kesyon sa a: “Poukisa ou pa obeyi lòd wa a pou ou met ajenou devan Aman?” Se chak jou sèvitè ofisyèl wa yo t ap pale ak Madoche sou menm koze sa a, men Madoche refize koube anba lòd wa a. Li di yo: Mwen se Jwif, se poutèt sa mwen pa mete ajenou devan Aman. Yo rakonte Aman sa pou yo ka wè kisa l ap fè ak Madoche. Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l. Lè Aman aprann Madoche se yon Jwif, li pa t santi touye Madoche sèlman te sifi, li te vle touye tout Jwif ki nan tout wayòm Asyeris la.
Li Estè 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo