Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich. Nebikadnetsa ki te wa Babilòn nan, te mennen Madoche soti Jerizalèm vin Babilòn kòm prizonye, ansanm ak Jekonya, wa peyi Jida a. Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil. Apre yo te pibliye dekrè wa a, yo mennen anpil jenn fi vil Souz. Yo te mennen Estè nan palè wa a tou. Menm jan ak tout lòt jenn fi yo, yo te mennen Estè nan palè a. Yo te mennen l bay Ege avèk lòt medam yo. Se Ege ki te responsab kay medam yo.
Li Estè 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 2:5-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo