Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen. Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt. M ap voye Tichik ban nou, frè byeneme nou Kris la, ki fidèl nan sèvis pou Senyè a. L a di nou tout sa k konsène m pou nou ka konnen tou kijan m ap debouye m. M ap voye l ban nou espre pou nou ka konnen nouvèl mwen epi pou l ka ankouraje nou. M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa. Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.
Li Efez 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 6:19-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo