Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre. Paske limyè sa a fè moun fè sa ki byen, sa ki dwat epi viv nan verite a. Chache konnen ki bagay ki fè Senyè a plezi. Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon. Se yon wont pou w menm ta pale de bagay moun sa yo ap fè an kachèt. Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou. Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”
Li Efez 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 5:8-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo