Men verite ki te sekrè a: Lè moun ki pa Jwif yo aksepte Levanjil la, yo vin pataje menm benediksyon Bondye genyen pou moun ki Jwif tou. Yo fè pati menm kò a, epi yo patisipe tou nan pwomès Bondye te fè pa mwayen Jezikris la. Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè. Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.
Li Efez 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 3:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo