Konprann byen, nou pa t fèt Jwif. Nou se yon ekip moun Jwif yo te rele “moun ki pa sikonsi” epi yo rele tèt yo “moun ki sikonsi”. Sikonsizyon sa a, se yon bagay yo te fè nan kò yo ak pwòp men yo. Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis. Wi, te gen yon lè, nou te lwen Bondye, men kounye a, nan Jezikris, Bondye rale nou vini pre li. Bondye fè sa, grenmesi san Jezikris ki te koule a, lè l te mouri pou nou sou kwa a. Se pa mwayen Kris nou fè lapè youn ak lòt, lè l fè moun ki pa Jwif yo ansanm ak Jwif yo fè yon sèl pèp. Se avèk pwòp kò l Kris la kraze baryè rayisman sa a ki te separe Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Jezi mete yon bout nan lalwa a ak tout kantite kòmandman ak regleman l yo. Li fè sa pou l ka fè de gwoup moun yo vin tounen yon sèl nan li menm. Epi se sa menm ki bay lapè a. Avèk lanmò l sou lakwa, Jezi mete bout nan rayisman ki te genyen ant Jwif yo ak moun ki pa Jwif yo. Li rekonsilye yo epi li fè yo fè yon sèl kò nan Bondye.
Li Efez 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 2:11-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo