Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye. Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo. Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye. Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil. Nou te mouri espirityèlman poutèt tout sa nou te fè ki mal kont Bondye. Men, Bondye ban nou lavi ansanm ak Kris la. Se grenmesi gras Bondye ki fè nou sove.
Li Efez 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efez 2:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo