Kol 1:1-14

Kol 1:1-14 VKF

Mwen menm Pòl, apot Jezikris, selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout. M ap ekri nou, frè ak sè an Kris mwen yo, nou menm k ap viv nan lavil Kolòs epi k ap sèvi Bondye avèk fidelite. Se pou Bondye Papa nou ban nou gras li ak kè poze. Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an. Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja. Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre. Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou nan sèvis li pou Kris. Epafras pale nou tou sou renmen Sentespri a ban nou pou lòt moun. Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou: Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini. Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.

Li Kol 1