Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a: Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo? Tout wa latè yo prepare yo pou batay, tout chèf yo rasanble ansanm pou yo goumen kont Senyè a ak kont Kris la. Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive.
Li Trav 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 4:23-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo